See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Leviticus Chapter 7 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Leviticus 6

Leviticus

Return to Index

Chapter 7

1

? Men regleman pou yo swiv l? moun ap f? ofrann pou peye pou sa yo te f? ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa n?t pou Sey? a.

2

Y'a touye b?t pou ofrann sa a sou b? n? lot?l la, kote yo touye b?t yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat b? lot?l la.

3

Y'a wete tout pati sa yo: ke a, gr?s ki vlope tripay yo,

4

de wonyon yo ak tout gr?s ki sou yo a, ansanm av?k mas gr?s ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lot?l la pou Sey? a.

5

Pr?t la va boule tout pati sa yo sou lot?l la, tankou ofrann yo boule pou Sey? a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te f? ki mal.

6

Tout gason nan fanmi pr?t yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa n?t pou Bondye.

7

Ofrann pou peye pou sa yo te f? ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun f? san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou pr?t ki f? ofrann lan.

8

Po b?t y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou pr?t ki f? ofrann lan.

9

Tout ofrann f?t ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou pr?t ki te ofri yo bay Bondye a.

10

Men, l? se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki f?t tou kri, kit li melanje av?k lwil, kit li ch?ch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l' bay yo tout.

11

? Men regleman pou yo swiv l? yon moun ap f? ofrann bay Bondye pou di l' m?si:

12

Si yon moun ap f? ofrann pou di Bondye m?si, l'a ofri yon b?t pou yo touye epi ansanm av? l' l'a pote gwo pen f?t ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven av?k lwil oliv pase sou li, epitou gato f?t ak fl? farin melanje ak lwil oliv.

13

Konsa tou, l'a ofri av?k b?t pou yo touye a pen kwit ak ledven.

14

L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Sey? a. Pen sa yo va rete pou pr?t ki va pran san b?t la pou voye sou lot?l la.

15

Kanta vyann b?t la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa f?t pou yo kite anyen pou denmen maten.

16

Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye m?si, paske li te vle kenbe yon ve li te f?, ou ank? paske li vle f? yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite r?s pou denmen.

17

Men vyann ki rete pou twazy?m jou a, se pou yo boule yo.

18

Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazy?m jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap s?vi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' f? a.

19

Si yon bagay ki pa bon pou f? s?vis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou f? s?vis Bondye a ka manje nan vyann lan.

20

Si yon moun ki pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Sey? a, se pou yo mete l' dey? n?t nan mitan p?p Bondye a.

21

Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Sey? a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye, kit se yon moun, kit se yon b?t, kit se nenp?t l?t bagay, se pou yo mete l' dey? n?t nan mitan p?p Bondye a.

22

Sey? a pale ak Moyiz, li di l' ank?:

23

-Men sa pou di moun p?p Izray?l yo: Piga nou janm manje gr?s b?f, gr?s kabrit osinon gr?s mouton.

24

Nou pa f?t pou nou manje gr?s b?t ki rete konsa li mouri m? natir?l li, ni gr?s b?t yon b?t nan bwa touye, men nou gen dwa s?vi ak gr?s la pou nou f? nenp?t l?t bagay nou vle.

25

L? yon moun manje gr?s yon zannimo yo te ofri pou boule pou Sey? a, se pou yo mete l' dey? n?t nan mitan p?p Bondye a.

26

Nenp?t ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn l?t b?t.

27

Si yon moun rive manje san nenp?t ki b?t, se pou yo mete l' dey? n?t nan mitan p?p Bondye a.

28

Sey? a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

29

-Men sa w'a di moun p?p Izray?l yo. L? yon moun ap f? yon ofrann pou di Bondye m?si, se pou l' pran yon p?syon ladan l' ki va s?vi tankou yon ofrann espesyal pou Sey? a.

30

L'a pote l' ak men l' pou yo boule l' pou Sey? a. L'a pote gr?s b?t la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Sey? a.

31

Pr?t la va boule gr?s la sou lot?l la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.

32

N'a pran jigo dwat b?t li te ofri pou di Bondye m?si a, n'a bay pr?t la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Sey? a.

33

Konsa, pr?t ki ofri san an ak gr?s b?t yo te touye pou di Bondye m?si a va resevwa jigo dwat la pou t?t pa l'.

34

Pwatrin b?t la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Sey? a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Sey? a. Se Sey? a menm ki wete moso sa yo nan ofrann p?p la va f? a pou li bay pr?t yo. Sa se bagay moun Izray?l yo dwe toujou bay pr?t yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.

35

? Se p?syon sa yo pou yo pran nan ofrann yo f? pou boule pou Sey? a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou s?vi pr?t pou Sey? a.

36

Jou sa a, se Sey? a menm ki te bay p?p Izray?l la l?d pou yo bay pr?t yo p?syon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou p?p Izray?l la toujou swiv de pitit an pitit.

37

Men regleman pou yo swiv l? y'ap f? ofrann pou yo boule pou Sey? a, l? y'ap f? ofrann grenn ki soti nan jaden yo, l? y'ap f? ofrann pou peche moun f? san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo f? ki mal, ofrann pou l? y'ap mete pr?t yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye m?si.

38

Se Sey? a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou m?n Sinayi nan mitan dez? a, jou li te mande moun p?p Izray?l yo pou yo f? ofrann ba li.

Leviticus 8

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<