See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Leviticus Chapter 13 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Leviticus 12

Leviticus

Return to Index

Chapter 13

1

? Sey? a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

2

-Si yon moun w? yon kote sou po k? l' anfle, ou ank? si li w? yon bouton osinon yon tach par?t sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen l?t moun, y'a mennen l' bay Arawon, pr?t la, ou ank? bay yonn nan pitit li yo ki pr?t tou.

3

Pr?t la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen l?t moun. L? pr?t la va w? sa, l'a f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' f? s?vis Bondye.

4

Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, pr?t la va f?men moun lan yon kote pou kont li pandan s?t jou.

5

Sou sety?m jou a, pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, pr?t la va f?men moun lan pou kont li pou s?t jou ank?.

6

Apre sa, pr?t la va egzaminen l' ank?. Si bouton an cheche, si li pa laji k? l' sou po a, pr?t la va f? konnen moun lan nan kondisyon pou l' f? s?vis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. L? sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' f? s?vis pou Bondye.

7

Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre pr?t la te fin di moun lan bon l? li te w? l' la, se pou moun lan par?t devan pr?t la ank?.

8

Pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? bouton an vin pi laj sou po a, pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!

9

L? yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay pr?t la.

10

Pr?t la va egzaminen l'. Si li w? yon bouton blan sou po a ki f? pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,

11

se va yon move maladi po ki chita sou li. Pr?t la va f? konnen nonm lan pa nan kondisyon pou f? s?vis pou Bondye. Li p'ap bezwen f?men l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki kl?, nonm lan pa nan kondisyon pou f? s?vis pou Bondye.

12

Men, si maladi a gaye sou tout k? l', si li kouvri ak bouton depi nan t?t jouk nan pye, kif? kote pr?t la voye je l' li w? se bouton,

13

pr?t la va egzaminen l' ank?. Si maladi a kouvri tout k? l', pr?t la va di moun lan toujou nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Depi tout k? l' vin tou blan, li nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

14

Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

15

Pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? yon bouton pete, l'a f? konnen nonm lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

16

Men, l? bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ank?, moun lan va tounen al jwenn pr?t la.

17

Pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? bouton an vin tou blan, pr?t la va f? konnen nonm lan nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

18

? Si yon moun gen yon apse ki geri,

19

men kote apse a te ye a vin anfle, ou ank? yon ti bouton wouj anba po a vin par?t, se pou l' al w? pr?t la.

20

Pr?t la va egzaminen l'. Si bouton an gen l? yon ti jan pi fon pase r?s po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Se yon move maladi po k'ap par?t sou mak apse a.

21

Men, l? pr?t la egzaminen l', si li w? pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase r?s po a, si li konmanse chanje koul?, pr?t la va f?men moun lan yon kote pou kont li pou s?t jou.

22

Si bouton an gaye sou tout k? l', pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.

23

Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Pr?t la va f? konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

24

Ou ank?, l? yon moun boule nan dife, si l? li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,

25

pr?t la va egzaminen l'. Si li w? pwal yo vin blan, epi si tach la gen l? pi fon pase r?s po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.

26

Men, si l? pr?t la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase r?s po a, men li ta vle chanje koul?, pr?t la va f?men l' yon kote pou kont li pou s?t jou.

27

Sou sety?m jou a, pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. L? sa a, pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' f? s?vis Bondye.

28

Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koul? a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Pr?t la va f? konnen moun lan toujou nan kondisyon pou f? s?vis Bondye, paske se boule a k'ap geri.

29

L? yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki f? yon plak,

30

pr?t la va egzaminen plak la. Si li gen l? pi fon pase r?s po a, si li gen cheve yon ti jan j?n, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki par?t nan cheve l' osinon nan bab li. Pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

31

Men, l? pr?t la egzaminen plak pyas la, si li w? gen l? li pa pi fon pase r?s po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan j?n, pr?t la va f?men moun lan yon kote pou kont li pou s?t jou.

32

Sou sety?m jou a, pr?t la va egzaminen malenng lan ank?. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin j?n, si li gen l? pa pi fon pase r?s po a,

33

moun lan va koupe tout cheve nan t?t li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, pr?t la va f?men l' yon kote pou kont li pou s?t jou ank?.

34

Sou sety?m jou a, pr?t la va egzaminen l' ank?. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, pr?t la va f? konnen moun lan nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou f? s?vis Bondye ank?.

35

Men, si apre pr?t la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,

36

pr?t la va egzaminen l' ank?. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache w? si li gen cheve j?n ank?. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

37

Men si li w? pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi pr?t la va f? konnen moun lan nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

38

? L? yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki par?t sou po l',

39

pr?t la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koul? blan sal, l'a konnen se yon ti grat?l ki par?t sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

40

L? yon nonm p?di tout cheve nan t?t li, li ch?v. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

41

Konsa tou, l? yon moun p?di cheve sou tout devan t?t li, li demi ch?v. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye.

42

Men, si kote l' ch?v la yon ti tach koul? wouj-blan par?t, se ka yon move maladi po k'ap leve sou k? l'.

43

L? sa a, pr?t la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koul? wouj-blan tankou l? moun gen move maladi po sou k? yo,

44

l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Pr?t la va f? konnen moun lan pa nan kondisyon pou f? s?vis Bondye, ak?z move maladi po ki par?t sou t?t li a.

45

L? yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite t?t li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!

46

Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou f? s?vis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andey? limit kote moun rete.

47

? L? yon rad f?t an lenn n?t osinon an twal fen blan n?t bay mak tankou li ta vle kanni,

48

ou ank? l? nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil trav? yo, kit yo f?t an lenn ou ank? an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ank? l? yon moso po osinon yon bagay f?t an po bay mak tankou li ta vle kanni,

49

si kote ki vle kanni an gen yon ti koul? v?t osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre pr?t la.

50

Pr?t la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a f?men bagay ki vle kanni an yon kote pou s?t jou.

51

Sou sety?m jou a, pr?t la va egzaminen l' ank?. Si li w? kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil trav? yo, oswa sou po a, osinon sou bagay f?t ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap s?vi Bondye pa ka s?vi av? l' ank?.

52

Pr?t la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.

53

Men, si l? pr?t la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,

54

pr?t la va bay l?d pou yo lave l'. Apre sa, l'a f?men l' ank? yon kote pou s?t jou.

55

Sou sety?m jou a, l'a egzaminen l' ank?. Si li w? kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou r?s twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap s?vi Bondye pa ka s?vi av? l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te m?t sou lanv? ou sou landr?t li.

56

Men, si l? pr?t la ap egzaminen l' dezy?m fwa a, li w? kanni an te p?di koul?, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ank?, l'a wete fil dwat ou fil trav? ki te kanni nan twal la.

57

Si apre sa, kanni an par?t ank? epi li konmanse gaye nan r?s rad la, m?t rad la va boule l'.

58

Si apre yo lave yon rad, kanni an dispar?t, y'a lave l' yon dezy?m fwa. Se l? sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k'ap s?vi Bondye ka s?vi av? l'.

59

Men regleman pou nou swiv l? yon rad f?t an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ank? l? nan yon moso twal, fil dwat osinon fil trav? yo, kit yo f?t an lenn ou ank? an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ank? l? yon moso po osinon nenp?t bagay ki f?t an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap s?vi Bondye ka s?vi osinon pa ka s?vi ak yo.

Leviticus 14

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<