| Chapter 16 |
1 |
? S? yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se b? kote ou m'ap chache pwoteksyon. |
2 |
Mwen di Sey? a: -Se ou ki s?l M?t mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou! |
3 |
Tout plezi m' se pou m' toujou la av? moun k'ap s?vi Sey? a nan peyi a. |
4 |
Moun k'ap kouri d?y? tout l?t bondye yo, se traka y'ap chache bay t?t yo. Mwen p'ap mele nan ofrann b?t y'ap f?. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo. |
5 |
Sey?, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou. |
6 |
Ala yon b?l eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou p?syon pa m' lan! |
7 |
M'ap f? lwanj Sey? a paske li ban m' bon kons?y. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' f?. |
8 |
? Mwen toujou mete Sey? a devan je m'. Paske li toujou b? kote m'. Anyen pa ka brannen m'. |
9 |
Se pout?t sa, k? m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata k? mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. |
10 |
Paske ou p'ap kite m' kote m? yo ye a, ou p'ap penm?t moun k'ap s?vi ou la pouri anba t?. |
11 |
W'a f? m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la av? m', mwen pa manke kontan. B? kote ou, Sey?, se yon pl?zi ki p'ap janm fini. |