See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Isaiah Chapter 30 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Isaiah 29

Isaiah

Return to Index

Chapter 30

1

? Men sa Sey? a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap f? t?t di ak mwen! Nan tou sa y'ap f?, se pw?p lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen l?t kontra, atout mwen di yo non. Y'ap f? peche sou peche.

2

Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' kons?y. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete k? yo anba z?l peyi Lejip.

3

Men, farawon an p'ap ka f? anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.

4

Malgre delege yo gen tan rive lavil Zoan ak lavil An?s,

5

p?p Jida a pral r?gr?t yo te janm mete konfyans yo nan yon p?p ki pa ka f? anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k'ap f? yo wont, yon nasyon k'ap ba yo desepsyon.

6

Men yon mesaj Bondye bay sou b?t nan dez? Neg?v yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move s?pan ak dragon az?l. Yo chaje bourik yo ak chamo yo av?k kado pou yon nasyon ki pa ka f? anyen pou yo.

7

Paske konkou Lejip ap ba yo a p'ap s?vi yo anyen, paske li pa vo anyen, se pout?t sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l': Dragon dan kase a.

8

? Sey? a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou s?vi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan.

9

Yo toujou ap f? t?t di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute l?d Bondye, Sey? a.

10

Y'ap di divin? yo: Pa di nou vizyon nou f? yo. Y'ap di pwof?t yo: Pa f? nou konnen sa nou dwe f?. Di nou b?l paw?l dous k'ap f? nou plezi. Kite nou ak sa nou kw? a.

11

Wete k? nou sou bon wout la! F? sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye p?p Izray?l la ki yon Bondye apa.

12

Se pout?t sa, men sa Bondye p?p Izray?l la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute av?tisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap f? mechanste, nan moun k'ap f? bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.

13

Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle pr?t pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.

14

N'ap tonbe an miy?t moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka s?vi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.

15

Men, Sey? a, Bondye p?p Izray?l la, ki yon Bondye apa, te di p?p la: Tounen vin jwenn mwen, l?fini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout f?s nou. Men, nou pa t' vle.

16

Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove k? nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri d?y? nou yo pral kouri pi vit pase nou!

17

L? n'a w? yon s?l moun nan l?nmi yo, mil nan nou pral kraze rak. L? n'a w? senk menm, se nou tout k'ap kouri met dey?. S?l bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou t?t ti m?n lan.

18

? Men, Sey? a ap tann l? pou l' f? nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Sey? a, se yon Bondye k'ap toujou f? sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.

19

Nou menm ki rete lavil Jerizal?m sou m?n Siyon an, nou p'ap kriye ank?. Rele n'a rele l', l'a f? nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.

20

Bondye va f? nou manje kont miz? nou, l'a f? nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap w? l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ank?.

21

Si nou chankre sou b? dwat osinon sou b? g?ch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an b? isit. Se la a pou ou pase!

22

N'a pran estati zid?l nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak l? sou tout k? yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka s?vi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!

23

L? n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' f? yo pouse. L'a f? t? a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou f?s. N'a gen kont kote pou nou mennen b?t nou yo al manje.

24

Towo b?f ak bourik k'ap s?vi pou travay t? nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon z?b sale y'a vannen epi y'a ranmase ak fouch mete nan depo.

25

Jou y'a kraze f? l?nmi nou yo, jou y'a masakre tout l?nmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo m?n, nan tout ti m?n koule desann.

26

Jou Sey? a pral mete renm?d sou kote ki te blese nan p?p la, jou l'ap geri tout kote p?p la te blese a, lalin pral klere tankou sol?y, limy? sol?y la menm pral s?t fwa pi klere, ou ta di limy? s?t jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Sey? a.

27

? Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap f? w? jan li move. L'ap f? k?l?, paw?l li yo tankou boukan dife nan raje.

28

Li f? van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabo. L'ap boulv?se nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan t?t yo.

29

Men, nou menm p?p Bondye a, nou pral chante, nou pral f? f?t tankou nou f? l' lav?y jou f?t nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif l? yo sou wout pou ale sou m?n Sey? a, Bondye k'ap defann p?p Izray?l la.

30

Sey? a pral f? tout moun tande f?s vwa li, li pral f? yo santi f?s pony?t li l? li move. L? sa a, va gen flanm dife, van sikl?n, gwo tanp?t, lapli ak tanp?t lagr?l.

31

Moun peyi Lasiri yo pral tranble l? y'a tande vwa Sey? a k'ap ba yo baton.

32

Chak fwa Sey? a va ba yo yon kout baton pou l' pini yo, y'a tande son tanbou ak son gita k'ap jwe nan peyi Izray?l. Se Sey? a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo.

33

Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo f? twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Sey? a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.

Isaiah 31

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<