See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Ezekiel Chapter 33 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Ezekiel 32

Ezekiel

Return to Index

Chapter 33

1

? Sey? a pale av? m' ank?. Li di m' konsa:

2

-Nonm o! Pale ak moun p?p Izray?l yo. W'a di yo konsa: L? m'ap voye l?nmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonn? pou veye peyi a.

3

L? faksyonn? a va w? l?nmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou av?ti moun yo.

4

Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kif? l?nmi an rive, li touye l', se dj?b pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanm? li.

5

Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kif? sa lak?z li mouri. Paske si li te koute av?tisman an, li ta ka pa mouri.

6

Men, si faksyonn? a w? l?nmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou av?ti moun yo, l?nmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri ak?z peche yo f?, se vre. Men, se faksyonn? a k'ap pote reskonsablite lanm? yo.

7

Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonn? pou veye pou p?p Izray?l la. L? w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a av?ti yo pou mwen.

8

Si mwen f? ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa av?ti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri pout?t peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanm? li.

9

Men, si ou av?ti mechan an, l?fini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri pout?t peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.

10

? Sey? a pale av? m', li di m' ank?: -Nonm o! W'a f? moun p?p Izray?l yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak f?t nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ank?!

11

Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Sey? a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan w? mechan yo mouri. Mwen ta pito w? yo sispann f? sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun p?p Izray?l yo, sispann f? sa nou pa dwe f?. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanm? n'ap chache konsa?

12

Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te m?t bon kou l' bon, li te m?t mache dwat kou l' mache dwat, jou li f? sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann f? sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn f? a. Konsa tou, l? yon moun ki t'ap mache dwat pran f? sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa f? l' peye sa l' f? a.

13

Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan t?t yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa f? sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo f? sa yo pa t' dwe f?.

14

Konsa tou, m' av?ti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann f? sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap f? sa ki byen,

15

si pa egzanp, li renm?t garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renm?t sa li te v?l? a, osinon si li sispann f? sa ki mal pou li mache dapre l?d mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv.

16

M'ap padonnen tout peche li te f? yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap f? sa ki byen.

17

Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap f? a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap f? a ki pa bon.

18

L? moun k'ap mache dwat la sispann f? sa ki byen pou l' lage k? l' nan f? sa ki mal, l'ap mouri pout?t sa.

19

Konsa tou, l? mechan an sispann f? mechanste pou li mache dwat, pou li f? sa ki byen, l'ap sove lavi l' pout?t sa.

20

Nou di sa Bondye s?l M?t la ap f? a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo f?. Nou tande, moun p?p Izray?l yo!

21

? Nan senky?m jou, dizy?m mwa, douzy?m lanne depi yo te dep?te nou an, yon moun ki te resi chape k? l' soti lavil Jerizal?m vin pote nouv?l ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men l?nmi.

22

Lav?y jou sa a, nan asw?, mwen te santi pouvwa Sey? a chita sou mwen av?k f?s. Nan maten, l? moun lan rive, Sey? a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' b?b? ank?.

23

Sey? a pale av? m' ank?, li di m' konsa:

24

-Nonm o! R?s moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izray?l la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou.

25

Men sa pou ou di yo: Sey? s?l M?t la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap f? s?vis pou zid?l, n'ap mete san moun dey?, epi nou mete nan t?t nou tout peyi a pral rete pou nou?

26

Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap f? yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm fr? par?y yo. Epi nou mete nan t?t nou tout peyi a pral rete pou nou?

27

W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Sey? s?l M?t la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Sey? a k'ap pale: R?s moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lag?. Moun k'ap viv andey? yo, se b?t nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache k? yo nan m?n, nan twou w?ch, se maladi ki pral fini ak yo.

28

M'ap f? peyi a tounen yon dez? san pesonn ladan l'. F?s pouvwa ki te f? l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. M?n peyi Izray?l yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo.

29

L? m'a pini p?p la pou tout bagay derespektan yo f? yo, l? m'a f? peyi a tounen yon dez? san pesonn ladan l', l? sa a, y'a konnen se mwen menm ki Sey? a.

30

? Sey? a di m' konsa: -Nonm o! Tout p?p la sou do ou l? yo kontre yonn ak l?t b? miray lavil la, nan pap?t lakay yo. Yonn ap di l?t: Ann al tande ki mesaj Sey? a voye ban nou fwa sa a!

31

Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout p?p la ap sanble b? kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap f? sa w'ap di yo f?. Yo pran paw?l ou yo pou f? b?l fraz. Se enter? yo ase yo konnen.

32

Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen b?l vwa, k'ap chante b?l ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap f? sa ou di yo f?.

33

Men, l? sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se l? sa a y'a rekon?t te gen yon pwof?t nan mitan yo.

Ezekiel 34

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<