See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Matthew Chapter 4 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Matthew 3

Matthew

Return to Index

Chapter 4

1

? Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dez? a pou Satan te ka tante l'.

2

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

3

L? sa a, Satan pwoche b? kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay w?ch sa yo l?d pou yo tounen pen.

4

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout paw?l ki soti nan bouch Bondye tou.

5

Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizal?m. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.

6

Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage k? ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo l?d pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase z?t?y pye ou sou okenn w?ch.

7

Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde M?t la, Bondye ou.

8

Satan mennen Jezi ank? sou yon m?n ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou lat? ansanm ak tout riches yo.

9

Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.

10

Jezi reponn li: Wete k? ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se M?t la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm s?l pou ou s?vi.

11

Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, k?k zanj Bondye pwoche b? kote Jezi, yo s?vi l'.

12

? L? Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete k? l', li ale nan peyi Galile.

13

Li kite lavil Nazar?t, li ale rete nan yon vil yo rele Kap?naw?m, ki te toupre lanm? Galile a, sou t? moun Zabilon ak moun Neftali yo.

14

Konsa, paw?l pwof?t Ezayi te di a rive vre:

15

Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale b? lanm? a, peyi ki l?t b? larivy? Jouden an, peyi Galile kote moun l?t nasyon yo ap viv la,

16

p?p ki t'ap viv nan f?nwa a w? yon gwo limy?. Limy? a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanm? a.

17

Depi l? sa a, Jezi k?manse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan sy?l la ap vin pran pouvwa a nan men li.

18

? Antan Jezi t'ap mache b? lanm? Galile a, li w? de fr?: Simon, yo rele Py? a, ak Andre, fr? li. Yo t'ap voye privye nan lanm? a, paske se pech? pwason yo te ye.

19

Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a f? nou tounen pech? moun pito.

20

Lamenm, yo kite privye yo, y' ale av?k li.

21

Jezi vanse pi lwen, li w? de l?t fr?, Jak av?k Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kann?t yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.

22

Lamenm, yo kite kann?t la ansanm ak papa yo, y' ale av?k li.

23

? Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinag?g yo. Li t'ap anonse Bon Nouv?l peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite p?p la te ka genyen.

24

Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki f? yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doul?, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

25

Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizal?m, moun Jide ak moun nan peyi l?t b? larivy? Jouden an.

Matthew 5

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<