See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Luke Chapter 1 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Mark 16

Luke

Return to Index

Chapter 1

1

? Teofil ch?f mwen, anpil moun te seye ekri istwa tout ev?nman ki te pase nan mitan nou yo.

2

Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te w? yo ak pw?p je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa l?d mache f? konnen paw?l Bondye a.

3

Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kw? se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre l?t, jan sa te pase a pou ou menm tou, ch?f mwen.

4

Konsa wa kapab rekon?t tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye.

5

? Nan tan Ew?d te wa nan peyi Jide a, te gen yon pr?t yo te rele Zakari. Li te f? pati gwoup pr?t Abiya yo. Madanm li te rele Elizab?t: se te yon moun ras Arawon, ansyen granpr?t la.

6

Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv k?mandman M?t la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repw?ch.

7

Men, yo pa t' gen pitit paske Elizab?t pa t' kapab f? pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.

8

Yon jou, Zakari te des?vis kou pr?t devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.

9

Dapre koutim s?vis la, yo te tire os? pou chwazi yonn nan pr?t yo pou antre nan tanp M?t la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.

10

Tout mas p?p la t'ap lapriy? dey?, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.

11

Vwala, yon zanj Bondye par?t devan Zakari; li te kanpe sou b? dwat lot?l kote yo boule lansan an.

12

L? Zakari w? l', li sezi; li te p? anpil.

13

Men zanj lan di li: Pa p?, Zakari. Bondye te tande lapriy? ou la. Elizab?t, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.

14

Ala kontan wa kontan l? pitit sa a va f?t! Anpil l?t moun va kontan tou l? sa a.

15

L'ap yon grann?g devan Bondye, M?t la; li p'ap bw? ni diven, ni ankenn alk?l. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.

16

L'ap f? anpil moun nan p?p Izray?l la tounen vin jwenn M?t la, Bondye yo a.

17

L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwof?t Eli te genyen an. L'ap f? papa vin byen ank? ak pitit; l'ap f? moun ki reb?l rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon p?p byen dispoze pou resevwa M?t la.

18

Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' f? kw? sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.

19

Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriy?l ki toujou kanpe nan s?vis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale av? ou, pou m' pote bon nouv?l sa a ba ou.

20

Men, paske ou pa kw? paw?l mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin b?b?, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.

21

Tout tan sa a, p?p la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi w? jan l' te mize nan tanp lan.

22

Men, l? Zakari soti, li pa t' kapab pale av?k yo. L? sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap f? yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.

23

L? tan s?vis li fini, Zakari tounen lakay li.

24

K?k tan apre sa, Elizab?t, madanm li, vin ansent. Li f? senk mwa kache lakay; li t'ap di:

25

Gade sa M?t la f? pou mwen non! Se koulye a sa f? l' plezi pou l' wete dezon? m' devan l?z?m.

26

? Sou sizy?m mwa gwos?s Elizab?t la, Bondye voye zanj Gabriy?l nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazar?t.

27

Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Joz?f. Joz?f sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.

28

Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil fav?. M?t la av?k ou.

29

L? Mari tande paw?l sa yo, t?t li te boulv?se, li t'ap mande nan k? l' kisa bonjou sa a te vle di.

30

Men, zanj lan di li: Pa p?, Mari. Ou jwenn fav? nan men Bondye.

31

Ou pral vin ansent, ou va f? yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.

32

L'ap vin yon grann?g, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan sy?l la. M?t la, Bondye nou, va f? l' wa tankou David, gran granpapa li.

33

La gouv?nen p?p Izray?l la pou tout tan, gouv?nman l' lan p'ap janm fini.

34

Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral f? rive? Ala mwen poko janm konn gason!

35

Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan sy?l la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral f?t la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.

36

Ou konnen Elizab?t, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab f? pitit, men li deja sou sis mwa gwos?s.

37

Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka f?.

38

Mari di li: Men mwen, se s?vant M?t la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.

39

? Nan menm ep?k sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan m?n peyi Jide a.

40

Li antre lakay Zakari, li di Elizab?t bonjou.

41

L? Elizab?t tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizab?t vin anba pouvwa Sentespri.

42

Li pran pale byen f?, li di konsa: Nan tout fanm ki sou lat?, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.

43

Kisa m' ye menm, pou manman M?t mwen vin rann mwen vizit?

44

Gade! Bonjou ou la poko rive nan z?r?y mwen, pitit la pran sote nan vant mwen t?lman li kontan.

45

Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kw? tout paw?l M?t la voye di ou yo gen pou rive vre.

46

L? sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou M?t la ki gen pouvwa.

47

Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.

48

Paske li voye je l' sou mwen, yon s?vant ki soum?t devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!

49

Paske Bondye ki gen tout pouvwa a f? anpil b?l bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.

50

L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.

51

Li f? l?z?m santi f?s pony?t li. Li f? moun ki gen l?g?y ak gwo lide nan k? yo p?di t?t yo.

52

Li desann ch?f ki te byen chita nan fot?y yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.

53

Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.

54

Li vin pote sekou bay p?p Izray?l k'ap s?vi l' la. Li pa bliye f? w? jan li toujou gen k? sansib,

55

pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwom?s li te f? zans?t nou yo.

56

Mari pase twa mwa konsa ak Elizab?t. Apre sa, li tounen lakay li.

57

? L? jou pou Elizab?t akouche a rive, li f? yon pitit gason.

58

Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan M?t la te f? Elizab?t yon gwo fav?. Yo te kontan pou li.

59

Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.

60

Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele.

61

Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan.

62

Yo f? papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.

63

Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.

64

Menm l? a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen f?.

65

Tout moun ki te nan vwazinaj la te p?; nouv?l la t'ap mache bouch an bouch nan tout m?n Jid? a.

66

Tout moun ki te tande paw?l sa yo t'ap kalkile nan k? yo; yonn t'ap di l?t: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te av?k ti pitit la tout bon vre.

67

? Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran f? konnen paw?l Bondye te mete nan bouch li:

68

Ann chante pou M?t la, Bondye p?p Izray?l la. Paske, li vin sove p?p li a, li delivre yo anba esklavaj.

69

Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, s?vit? Bondye a, li soti.

70

Se sa menm Bondye te f? konnen nan bouch pwof?t li yo depi nan tan lontan.

71

Li te pwom?t li t'ap delivre nou anba l?nmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.

72

Se konsa la gen pitye pou zans?t nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.

73

Dapre s?man li te f? bay Abraram, zans?t nou an.

74

Li te di l' konsa: L? la fin delivre nou anba l?nmi nou yo, la f? nou s?vi l' san nou p'ap bezwen p?.

75

Wi, la f? nou viv apa pou Bondye, la f? nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.

76

Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwof?t Bondye ki anwo nan sy?l la. Paske, wa pran devan M?t la pou pare chemen an pou li.

77

Ou pral moutre p?p la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.

78

Tou sa, paske Bondye nou an gen k? sansib, li renmen nou anpil. L'ap f? yon limy? soti anwo vin klere nou tankou sol?y k'ap leve.

79

Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan f?nwa ak nan lonbraj lanm?. Li gen pou l' f? nou mache nan chemen k'ap ban nou k? poze a.

80

Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dez? a jouk jou pou l' te par?t an piblik devan p?p Izray?l la.

Luke 2

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<