See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Luke Chapter 7 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Luke 6

Luke

Return to Index

Chapter 7

1

? L? Jezi fin pale tout paw?l sa yo ak p?p la, li ale lavil Kap?naw?m.

2

Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad pr?t pou mouri.

3

Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye k?k ch?f fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a.

4

Yo rive b? kot Jezi, yo di li: Tanpri, f? sa pou li, li merite li. Paske li renmen p?p nou an.

5

Se li ki te bati sinag?g la pou nou.

6

Jezi ale av? yo. Li te rive toupre kay la l? kaptenn lan voye k?k zanmi di l' konsa: M?t, pa bay k? ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.

7

Se pout?t sa mwen pa t' kw? m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.

8

Mwen menm, mwen sou z?d ch?f, mwen gen s?lda sou z?d mwen tou. L? m' di yonn: Ale! li ale. L? m' di yon l?t: Vini! li vini. L? m' di domestik mwen an: F? sa! li f? li.

9

L? Jezi tande paw?l sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire b? foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan p?p Izray?l la.

10

L? zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.

11

? Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap f? wout av? l' ansanm ak yon gwo foul moun.

12

Li rive b? p?tay lavil la. L? sa a yo t'ap pote yon m? al antere: se te s?l pitit gason yon madanm v?v. Te gen anpil moun lavil la av?k li.

13

L? Jezi w? v?v la, k? l' f? l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!

14

Apre sa li pwoche, li manyen s?k?y la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale av? ou. Leve.

15

Epi m? a leve chita, li k?manse pale. Jezi renm?t li bay manman li.

16

Tout moun yo te p?, yo t'ap f? lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwof?t par?t nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove p?p li a.

17

Nouv?l la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.

18

Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis.

19

? Jan rele de ladan yo, li voye yo b? kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon ?ske nou dwe tann yon l?t?

20

L? mesye sa yo rive b? kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou b? kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon ?ske nou dwe tann yon l?t?

21

L? sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap f? anpil av?g w? ank?.

22

Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot w? ak sa nou sot tande la a: je av?g yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lal?p yo geri, moun soud? yo tande, moun mouri yo leve, p?v yo tande bon nouv?l la.

23

benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.

24

L? moun Jan te voye yo al f? wout yo, Jezi k?manse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al w? nan dez? a? Yon pye wozo van ap balanse? Non.

25

Men, kisa nou te al w? menm? Yon nonm abiye ak b?l rad? Ala, moun ki abiye ak b?l rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo.

26

Men, many? di m' kisa nou tal w?? Yon pwof?t? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwof?t.

27

Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou.

28

M'ap di nou sa: Nan tout moun ki f?t sou lat? pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li.

29

Tout p?p la ansanm ak p?sept? kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekon?t se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te f? Jan Batis batize yo.

30

Men, farizyen yo ak dir?kt? lalwa yo te refize sa Bondye te vle f? pou yo; se sak f? yo pa t' kite Jan Batis batize yo.

31

Jezi di yo ank?: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan al?kile yo? Ki moun yo sanble menm?

32

Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele l?t pou di l' konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.

33

Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bw? diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li.

34

Mwen menm, Moun Bondye voye nan lach? a, mwen vini, mwen manje, mwen bw?, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bw? ase l' konnen; se zanmi p?sept? kontribisyon ak moun k'ap f? sa ki mal li ye.

35

Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon.

36

? Yon farizyen te envite Jezi vin manje av? li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita b? tab la pou l' manje.

37

Nan lavil sa a, te gen yon fanm mov?z vi. L? fanm lan pran nouv?l Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti bout?y f?t an albat plen od?.

38

Li mete k? l' d?y? b? pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide od? sou yo.

39

L? farizyen ki te envite Jezi a w? sa, li t'ap di nan k? l': Si nonm sa a te yon pwof?t vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki mov?z vi fanm sa a ap mennen.

40

L? sa a, Jezi pran lapaw?l, li di l' konsa: Simon, mwen gen kich?y pou m' di ou. Simon reponn li: M?t, ou m?t pale wi.

41

Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; l?t la te dwe l' senkant goud.

42

Ni yonn ni l?t pa t' gen dekwa peye d?t la. L? sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye d?t la ank?. Kil?s nan yo de a va renmen l' plis?

43

Simon reponn li: Mwen ta kw? se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn.

44

Epi li vire b? fanm lan, li di Simon: Ou w? fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li.

45

Ou pa te bo m' l? m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'.

46

Ou pa vide lwil sou t?t mwen; men li menm, li vide od? sou pye mwen.

47

Se pout?t sa, mwen di ou: li f? tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.

48

Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.

49

Moun ki te chita b? tab la av?k li yo pran di nan k? yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?

50

Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak k? poze.

Luke 8

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<