See also ebooksgratis.com: no banners, no cookies, totally FREE.



Web - Amazon

We provide Linux to the World


We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Ebooks, Audobooks and Classical Music from Liber Liber
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z


Acts Chapter 19 - Haitian Creole Bible - Free Bible Mirrored by johnhurt.com

Haitian Creole Bible

Acts 18

Acts

Return to Index

Chapter 19

1

? Antan Apol?s te lavil Korent, P?l menm t'ap pase nan tout m?n peyi Lazi yo jouk li rive lavil Ef?z. Li jwenn k?k disip nan lavil la.

2

Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri l? nou te kw?? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri.

3

L? sa a, P?l mande yo: Ki bat?m nou te resevwa? Yo reponn li: Bat?m Jan an.

4

P?l di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di p?p Izray?l la pou yo te kw? nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi.

5

L? yo tande sa, yo mande pou resevwa bat?m nan non Sey? Jezi.

6

Apre sa, P?l mete men sou t?t yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang l?t peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

7

Te gen douz gason konsa antou.

8

? P?l ale nan sinag?g la. Pandan twa mwa li t'ap pale la av?k gwo konviksyon. Li t'ap f? yo konnen tout bagay sou Gouv?nman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran t?t moun ki t'ap koute l' yo.

9

Men, anpil t'ap f? t?t di, yo te refize kw?: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. L? P?l w? sa, li wete k? l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo av?k li. Chak jou li t'ap preche nan lek?l Tiranis la.

10

Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak f? tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun l?t nasyon yo, yo tout te tande paw?l Sey? a.

11

Bondye te s?vi ak P?l pou l' te f? anpil gwo mirak.

12

Se konsa yo te konn pran mouchwa ak l?t rad ki te fwote ak k? l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met dey?.

13

? Te gen k?k jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi P?l ap f? konnen an, mwen ba ou l?d soti.

14

(Se te s?t pitit gason Seva, yon granpr?t jwif, ki t'ap f? sa.)

15

Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen P?l. Men nou menm, ki moun nou ye?

16

L? sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis f?s pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sit?lman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout k? yo an san.

17

Tout moun lavil Ef?z, jwif kou moun l?t nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te p?, men yo te vin gen gwo resp? pou non Sey? Jezi a.

18

Anpil nan moun ki te kw? yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te f?, yo t'ap rekon?t sa an piblik.

19

Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te f?, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.

20

Se konsa paw?l Bondye a t'ap gaye av?k pouvwa, li t'ap moutre f?s li.

21

? Apre bagay sa yo fin pase, P?l f? lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizal?m. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al w? lavil W?m tou.

22

L? sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan s?vis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete k?k tan ank? nan pwovens Lazi.

23

Se l? sa a yon gwo dez?d pete nan lavil Ef?z pout?t chemen Bondye a.

24

Te gen yon ?f?v yo te rele Demetriyis, ki te konn f? ti mod?l kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te f? yo. Travay sa a te rap?te ouvriye l' yo anpil.

25

Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout l?t moun ki te konn f? menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki f? nou viv.

26

Men, nou w? ak je nou, nou tande ak z?r?y nou sa nonm yo rele P?l la ap f?. L'ap mache di bondye moun f? ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran t?t anpil moun, pa isit nan lavil Ef?z la ase, men nan tout pwovens Lazi a.

27

Tal? konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi r?d ank?, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral p?di repitasyon li. L? sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou lat? a pral pase pou anyen.

28

L? yo tande sa, foul moun yo vin ank?l? anpil, yo pran rele: Atemis moun Ef?z yo, se gwo n?g?s!

29

Dez?d la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak P?l nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la.

30

P?l te vle ale li menm tou devan p?p la, men disip yo te di l' non.

31

Te gen de twa ch?f nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye b? kote l', yo mande l' pou l' pa par?t t?t li nan teyat la.

32

Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon p?syon moun t'ap rele yon bagay, yon l?t p?syon menm t'ap rele yon l?t bagay. Pif? ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble.

33

K?k moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alat?t yo. Aleksann f? siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan p?p la.

34

Men, l? yo rekonn?t se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dez?detan: Atemis moun Ef?z yo, se gwo n?g?s.

35

Bout pou bout, sekret? lakomin lan te resi f? foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Ef?z, koute! Tout moun konnen lavil Ef?z se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo n?g?s, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan sy?l la.

36

Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki f?, se pou n' mete t?t nou an plas pou n' pa f? anyen san nou pa kalkile byen.

37

Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa v?l? yo v?l? nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an.

38

Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen ch?f pou sa tou: se la pou y' al pote plent.

39

Apre sa, si nou gen l?t reklamasyon nou vle f?, n'a regle sa yon l? tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa.

40

Av?k sa ki pase j?di a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap f? revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dez?d sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa.

41

L? li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.

Acts 20

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Mirrored by johnhurt.com
Other Software is Available at these sites:

Our "Network":

Project Gutenberg
https://gutenberg.classicistranieri.com

Encyclopaedia Britannica 1911
https://encyclopaediabritannica.classicistranieri.com

Librivox Audiobooks
https://librivox.classicistranieri.com

Linux Distributions
https://old.classicistranieri.com

Magnatune (MP3 Music)
https://magnatune.classicistranieri.com

Static Wikipedia (June 2008)
https://wikipedia.classicistranieri.com

Static Wikipedia (March 2008)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com/mar2008/

Static Wikipedia (2007)
https://wikipedia2007.classicistranieri.com

Static Wikipedia (2006)
https://wikipedia2006.classicistranieri.com

Liber Liber
https://liberliber.classicistranieri.com

ZIM Files for Kiwix
https://zim.classicistranieri.com


Other Websites:

Bach - Goldberg Variations
https://www.goldbergvariations.org

Lazarillo de Tormes
https://www.lazarillodetormes.org

Madame Bovary
https://www.madamebovary.org

Il Fu Mattia Pascal
https://www.mattiapascal.it

The Voice in the Desert
https://www.thevoiceinthedesert.org

Confessione d'un amore fascista
https://www.amorefascista.it

Malinverno
https://www.malinverno.org

Debito formativo
https://www.debitoformativo.it

Adina Spire
https://www.adinaspire.com


<